Moun Ki Gen yon Pi Gwo Risk pou Entoksikasyon Alimantè

Nenpòt moun ka pran entoksikasyon alimantè, men sèten gwoup moun gen plis chans pou yo malad ak pou yo gen yon maladi ki pi grav. Kapasite kò yo pou konbat jèm ak maladi pa efikas pou divès kalite rezon. Gwoup moun sa yo se:

Moun aje yoexternal icon gen yon pi gwo risk paske amezi moun ap vyeyi, sistèm iminitè yo ak ògàn yo pa rekonèt epi elimine jèm danjere yo menm jan yo te konn fè sa byen otrefwa. Prèske mwatye nan moun ki gen laj 65 lane oswa plis ki gen yon maladi ki soti nan manje ki konfime nan laboratwa akòz Salmonella, Campylobacter, Listeria oswa E. coli; moun sa yo entène lopital.

Jenn timounexternal icon yo gen sistèm iminitè ki ap devlope toujou, kidonk kapasite kò yo pou konbat jèm ak maladi pa sitèlman fò. Entoksikasyon alimantè ka danjere pou yo sitou paske maladi a ka lakòz dyare ak dezidratasyon. Timoun ki gen mwens ke 5 lane yo gen twa fwa plis chans pou yo entène lopital si yo pran yon enfeksyon ak Salmonella. Epi ensifizans renal frape 1 timoun sou 7 ki poko gen laj 5 lane ki gen yon dyagnostik enfeksyon E. coli O157.

Moun ki gen sistèm iminitè febliexternal icon akòz dyabèt, maladi fwa oswa maladi ren, alkolis, ak VIH/SIDA; oswa k ap resevwa chimyoterapi oswa terapi radyasyon pa tèlman kapab konbat jèm ak maladi yo avèk efikasite. Pa egzanp, moun ki nan dyaliz yo gen 50 fwa plis chans yo trape yon enfeksyon Listeria.

Fanm ansentexternal icon yo gen plis chans pase lòt moun pou yo malad akòz sèten jèm. Pa egzanp, fanm ansent yo gen 10 fwa plis chans pou yo trape yon enfeksyon Listeria.
Si oumenm oswa yon moun w ap okipe fè pati youn nan gwoup sa yo, li enpòtan espesyalman pou pran dispozisyon pou anpeche entoksikasyon alimantè ak pou konnen ki manje ki plis asosye avèk maladi pase lòt.
- Listeria – Moun Aje
- Sekirite Alimantè pou Moun ajeexternal icon
- Enkyetid Sekirite Alimantè pou Timoun ki poko gen senk laneexternal icon
- Listeria – Moun ki gen Sistèm Iminitè Febli
- Sekirite Alimantè pou Moun ki gen Dyabètexternal icon
- Sekirite Alimantè pou Moun ki gen Kansèexternal icon
- Sekirite Alimantè pou Moun ki gen VIH/SIDAexternal icon
- Sekirite Alimantè pou Benefisyè Transplantasyonexternal icon
- Listeria – Fanm Ansent ak Nouvone yo
- Sekirite Alimantè pou Fanm Ansentexternal icon