Jèm ak Maladi Ki Soti Nan Manje
Kòz Entoksikasyon Alimantè
Anpil jèm diferan ki lakòz maladi kapab kontamine manje, kidonk gen anpil enfeksyon diferan ki soti nan manje (ke yo rele tou maladi ki soti nan manje oswa entoksikasyon alimantè).
- Chèchè yo te idantifye plis pase 250 maladi ki soti nan manje.
- Pifò nan yo se enfeksyon, ki akòz divès kalite bakteri, viris, ak parazit.
- Toksin danjere ak pwodui chimik kapab kontamine manje yo tou epi lakòz maladi ki soti nan manje.
CDC estime ke chak ane, 48 milyon moun vin malad ak yon maladi ki soti nan manje, 128 000 entène lopital, epi 3,000 mouri.
Èske Mwen Gen Entoksikasyon Alimantè

Sentòm kouran maladi ki soti nan manje yo se kèplen, vomisman, kranp nan vant, ak dyare. Sepandan, sentòm yo ka pa menm selon diferan kalite maladi ki soti nan manje. Sentòm yo kapab pafwa grav, epi kèk maladi ki soti nan manje ka menm mete lavi an danje. Byenke nenpòt moun ka trape yon maladi ki soti nan manje, sèten moun gen plis chans pou yo vin gen youn. Gwoup sa yo gen ladan:
- Moun aje yo
- Jenn timoun yo
- Moun ki gen sistèm iminitè febli akòz pwoblèm medikal, tankou dyabèt, maladi fwa, maladi ren, grèf ògàn, oswa VIH/SIDA, oswa apati chimyoterapi oswa tretman radyasyon yo resevwa.
- Fanm ansent yo
Pifò moun ki gen yon maladi ki soti nan manje amelyore san tretman medikal, men moun ki gen sentòm grav yo dwe al wè doktè yo [Angle].
Kèk Jèm Kouran Ki Transmèt Nan Manje
Senk jèm prensipal yo ki lakòz maladi ki soti nan manje Ozetazini yo se:
Kèk lòt jèm pa lakòz tout kantite maladi konsa, men lè yo lakòz yo, maladi yo gen plis chans pou lakòz entène lopital. Jèm sa yo gen ladan:
- Clostridium botulinum (botilis)
- Listeria
- Escherichia coli (E. coli)
- Vibrio

Nenpòt moun ka vin malad nan manje nouriti ki kontamine. Swiv kat etap senp yo pou sekirite alimantè — netwaye, separe, kwit, ak glase — pou diminye risk pou ou trape entoksikasyon alimantè ak pou pwoteje tèt ou ak moun pwòch ou yo.