Sentòm Entoksikasyon Alimantè
Sentòm entoksikasyon alimantè yo ka varye soti nan lejè pou rive nan grav. Sentòm ou yo ka diferan selon jèm ou te vale a. Sentòm ki pi kouran yo nan entoksikasyon alimantè se:
- Lestomak deranje
- Kranp nan vant yo
- Kèplen
- Vomisman
- Dyare
- Lafyèv
Apre ou fin vale yon manje oswa yon bwason ki danjere (ki kontamine), sa ka pran plizyè èdtan oswa jou pou ou vin gen sentòm yo. Si ou gen sentòm entoksikasyon alimantè, tankou dyare oswa vomisman, bwè anpil likid pou anpeche dezidratasyon (ki se lè pa gen ase dlo nan kò ou).
Lè pou al Wè yon Doktè Pou Entoksikasyon Alimantè
Al wè doktè w oswa founisè swen sante ou si ou gen sentòm ki grav, sa gen ladan:
- Dyare sanglan
- Gwo lafyèv (tanperati plis pase 102° F, ki mezire nan bouch ou)
- Vomisman souvan ki anpeche ou kenbe likid nan vant ou (ki ka abouti nan dezidratasyon)
- Siy dezidratasyon, sa gen ladan ti kras pipi oswa ki pa fè pipi, yon bouch ak gòj trè sèk, oswa sansasyon toudisman lè ou kanpe
- Dyare ki dire plis pase 3 jou
Pwoblèm Sante Grav ak Efè Dire Long Nan Entoksikasyon Alimantè
Pifò moun gen maladi lejè sèlman, ki dire ant kèk èdtan ak plizyè jou. Sepandan, sèten moun dwe entène lopital, epi kèk maladi lakòz pwoblèm sante ki dire lontan oswa menm lanmò. Enfeksyon ki transmèt nan manje ka abouti nan:
- Atrit kwonik
- Domaj nan sèvo ak nan nè
- Ensifizans renal akòz sendwòm emolitik iremik (Hemolytic Uremic Syndrome, HUS)
Sentòm ak Sous Jèm Kouran Entoksikasyon Alimantè
Gen kèk jèm ki fè ou malad nan lespas kèk èdtan apre ou fin vale yo. Gen Lòt ki ka pran kèk jou pou fè ou malad. Lis sa a montre sentòm yo, kilè sentòm yo kòmanse, ak sous nouriti kouran pou jèm ki lakòz entoksikasyon alimantè yo. Jèm yo klase selon lòd rapidite pou sentòm yo kòmanse.

Si ou panse oumenm oswa yon moun ou konnen te vin malad apati manje, tanpri rapòte sa nan depatman sante zòn ou an. Rapòte sa menm si ou pa konnen ki manje ki te fè ou malad. Lè ou rapòte yon maladi, sa kapab ede otorite sante piblik yo idantifye yon epidemi maladi ki soti nan manje epi anpeche lòt moun vin malad.