Sekirite Alimantè ak Manje Nan Restoran

Èske ou pral soti pou manje? Chèche yon restoran ki kenbe sekirite alimantè nan meni an. Men kèk konsèy pou pwoteje tèt ou kont entoksikasyon alimantè pandan w ap manje nan restoran.

Evite Entoksikasyon Alimantè: Konsèy pou Manje nan Restoran

Evite Entoksikasyon Alimantè: Konsèy pou Manje nan Restoran

  • Verifye nòt enspeksyon yo. Verifye nòt yon restoran sou sit entènèt depatman sante ou, mande depatman sante a yon kopi rapò a, oswa chèche l lè ou rive nan restoran an.
  • Chèche sètifika ki montre manadjè kizin la te swiv fòmasyon sou sekirite alimantè. Yon fòmasyon apwopriye sou sekirite alimantè ka ede amelyore pratik ki diminye chans pou pwopaje jèm ak maladi ki soti nan manje.
  • Chèche pratik manipilasyon manje ki san danje. Travayè manje ki malad ka transmèt maladi yo a bay kliyan yo. Si ou ka wè manje y ap prepare yo, tcheke pou asire ou ke travayè yo ap itilize gan oswa istansil pou manyen manje ki p ap kwit piplis yo, tankou vyann deli ak salad legim vèt yo.
  • Kòmande manje ki kwit kòrèkteman. Sèten manje, sa gen ladan vyann, volay, ak pwason, dwe kwit nan yon tanperati ki wo ase pou touye jèm danjere ki ka prezan yo. Si yon restoran sèvi ou vyann, volay, fwidmè, oswa ze ki manke kwit, voye yo tounen pou yo kapab kwit jiskaske yo gen sekirite pou manje.
  • Evite manje yo sèvi tyèd. Manje frèt yo dwe sèvi frèt, epi manje cho yo dwe sèvi cho. Si w ap chwazi manje nan yon bifè oswa yon ba salad, asire ou ke manje cho a gen vapè k ap sòti ladan epi manje frèt la glase. Jèm ki lakòz entoksikasyon alimantè yo pouse byen vit lè manje nan zòn danje a, ki se ant 40°F ak 140°F.
  • Mande sèvè ou an si yo itilize ze pasterize nan manje tankou sòs salad Seza, krèm, tiramisu, oswa sòs olandèz. Ze kri oswa ki manke kwit ka fè ou malad sòf si yo pasterize pou touye jèm yo.
  • Pran swen rès manje ou yo byen vit. Mete rès manje yo nan frijidè nan lespas 2 èdtan apre ou sot nan restoran an. Si li plis pase 90°F deyò a, mete rès manje yo nan frijidè nan lespas 1 èdtan. Manje rès manje yo anvan 3 a 4 jou fin pase. Jete yo apre tan sa a.
Rapòte Entoksikasyon Alimantèus
men sou vant

Si ou panse oumenm oswa yon moun ou konnen te vin malad apati manje, tanpri rapòte sa nan depatman sante zòn ou an. Rapòte sa menm si ou pa konnen ki manje ki te fè ou malad. Lè ou rapòte yon maladi, sa kapab ede otorite sante piblik yo idantifye yon epidemi maladi ki soti nan manje epi anpeche lòt moun vin malad.