Prensip Debaz nan Entoksikasyon Alimantè

Aprann sou kòz, siy, ak sentòm entoksikasyon alimantè, ak konsèy sou fason pou anpeche oumenm ak fanmi ou vin malad.

REYALITE KLE YO:

  • Chak ane, apeprè 1 moun Ozetazini sou 6 (oswa 48 milyon moun) vin malad, 128,000 entène lopital, epi 3,000 mouri nan maladi ki soti nan manje.
  • Nenpòt moun ka pran entoksikasyon alimantè (ki rele tou maladi ki soti nan manje).
  • Men, gwoup ki annapre la yo gen plis chans pou yo vin malad ak pou yo gen yon maladi ki pi grav:
Graphic of an adult man

 

Granmoun laj 65 lane oswa plis

Grafik yon ti fi

 

Timoun laj mwens ke 5 lane

grafik nan yon boutèy medikaman

Moun ki gen sistèm iminitè yo ki febli akòz pwoblèm sante oswa medikaman yo itilize pou trete yo, sa gen ladan moun ki gen dyabèt, maladi fwa oswa maladi ren, VIH/SIDA, oswa kansè

grafik yon fanm ansent

 

Fanm ansent yo

Ou pa dwe manje nouriti sa yo si ou gen plis chans pou ou pran entoksikasyon alimantè:

  • Pwodui bèt ki manke kwit oswa ki kri, tankou vyann, poulè, kodenn, ze, fwidmè
  • Jèm boujon kri oswa ki kwit lejèman
  • Lèt ak ji (kri) ki pa pasterize
  • Fwomaj mou, tankou queso fresco, sòf si li fèt avèk lèt pasterize
Pran dispozisyon pou Evite Entoksikasyon Alimantè
1. Netwaye
Grafik asyèt pwòp

Lave men, istansil, ak sifas kwizin lan souvan lè w ap kwit manje.

2. Separe
Grafik manje separe

Kenbe pwodui fre yo apa parapò ak vyann, poulè, kodenn, fwidmè, ak ze kri. Sèvi ak planch pou koupe ak asyèt separe.

3. Kwit manje
Grafik nan manje pou kwit manje.

Kwit manje yo nan bon tanperati a pou touye jèm yo. Sèvi ak yon tèmomèt manje pou verifye.

4. Glase
Grafik nan frijidè

Mete nan frigidè manje ki ka gate yo ak rès manje yo anvan 2 èdtan fin pase (nan lespas 1 èdtan si li fè pi cho pase 90° F deyò a).