Prensip Debaz nan Entoksikasyon Alimantè
Aprann sou kòz, siy, ak sentòm entoksikasyon alimantè, ak konsèy sou fason pou anpeche oumenm ak fanmi ou vin malad.
REYALITE KLE YO:
- Chak ane, apeprè 1 moun Ozetazini sou 6 (oswa 48 milyon moun) vin malad, 128,000 entène lopital, epi 3,000 mouri nan maladi ki soti nan manje.
- Nenpòt moun ka pran entoksikasyon alimantè (ki rele tou maladi ki soti nan manje).
- Men, gwoup ki annapre la yo gen plis chans pou yo vin malad ak pou yo gen yon maladi ki pi grav:

Granmoun laj 65 lane oswa plis

Timoun laj mwens ke 5 lane

Moun ki gen sistèm iminitè yo ki febli akòz pwoblèm sante oswa medikaman yo itilize pou trete yo, sa gen ladan moun ki gen dyabèt, maladi fwa oswa maladi ren, VIH/SIDA, oswa kansè

Fanm ansent yo

Gade plis enfòmasyon sou fason pou pwoteje tèt ou ak pwoteje fanmi ou kont entoksikasyon alimantè [PDF – 137 KB]
Ou pa dwe manje nouriti sa yo si ou gen plis chans pou ou pran entoksikasyon alimantè:
- Pwodui bèt ki manke kwit oswa ki kri, tankou vyann, poulè, kodenn, ze, fwidmè
- Jèm boujon kri oswa ki kwit lejèman
- Lèt ak ji (kri) ki pa pasterize
- Fwomaj mou, tankou queso fresco, sòf si li fèt avèk lèt pasterize

Lave men, istansil, ak sifas kwizin lan souvan lè w ap kwit manje.

Kenbe pwodui fre yo apa parapò ak vyann, poulè, kodenn, fwidmè, ak ze kri. Sèvi ak planch pou koupe ak asyèt separe.

Kwit manje yo nan bon tanperati a pou touye jèm yo. Sèvi ak yon tèmomèt manje pou verifye.

Mete nan frigidè manje ki ka gate yo ak rès manje yo anvan 2 èdtan fin pase (nan lespas 1 èdtan si li fè pi cho pase 90° F deyò a).