Plan Daksyon pou Opresyon

Tout moun ki soufri opresyon bezwen pwòp Plan Daksyon pa yo pou Opresyon. Kolabore avèk founisè swen sante ou pou kreye yon plan ki bon pou ou. Objektif ou se pou evite epi kontwole kriz opresyon ou yo. Sèvi ak tèks sa a pou ede w fè yon plan.

Mwen Byen
  • Mwen pa gen tous, respirasyon siflan, pwatrin sere, oswa pwoblèm pou respire okenn lè.
  • Mwen ka fè tout bagay mwen konn abitye fè.
  • Lè m sèvi avèk yon debimèt pwent, debi pwent* mwen plis pase 80 pousan oswa plis pase meyè debi pwent mwen.
  • Kontinye pran medikaman kontwòl alontèm ou.

Opresyon an Ap Vin Pi Mal

  • Mwen gen yon ti tous, respirasyon siflan, pwatrin sere, oswa pwoblèm pou respire tou piti. Oswa
  • Mwen reveye nan lannwit akòz opresyon mwen an. Oswa
  • Mwen pa ka fè enpe nan bagay mwen konn abitye fè yo. Oswa
  • Lè m sèvi avèk yon debimèt pwent, debi pwent* mwen egal ak mwatye jiska twaka meyè debi pwent mwen.
  • Ajoute medikaman soulajman rapid ou epi kontinye medikaman kontwòl alontèm ou.
  • Si sentòm ou yo amelyore apre inèdtan, kontinye tcheke yo epi kontinye medikaman kontwòl alontèm ou.

Alèt Medikal!

  • Mwen gen anpil pwoblèm pou respire. Oswa
  • Medikaman soulajman rapid mwen yo pa ede m. Oswa
  • Mwen pa ka fè okenn nan bagay mwen konn abitye fè yo. Oswa
  • Mwen te nan zòn jòn lan pandan 24 èdtan epi mwen pa amelyore. Oswa
  • Lè m sèvi avèk yon debimèt pwent, debi pwent* mwen mwens pase mwatye meyè debi pwent mwen.
  • Ajoute lòt medikaman doktè w te preskri yo epi rele doktè w.
  • Si sentòm ou yo pa amelyore epi ou pa ka jwenn doktè w, ale nan lopital.

*Mezi debi pwent lan se yon tès rapid pou mezire lè k ap sikile sot nan poumon yo.