Kisa pou fè si Aparèy Menajè Nou yo Mouye Apre yon Katastwòf Natirèl
ANONS SÈVIS PIBLIK
Mesaj ekri
Sa se yon mesaj enpòtan ki soti nan Depatman Sante ak Sèvis Imèn Etazini. Dife nan kay se yon menas apre chak katastwòf natirèl.
Kamyon ponpye ka gen pwoblèm pou rive lakay nou. Si kay ou te inonde, chèche siy ki montre aparèy menajè w te mouye epi jete yo pou pwoteje w kont chòk elektrik oswa dife. Mande yon pwofesyonèl evalye kay ou epi ranplase tout vav ki kontwole gaz, brekè, ak fizib ki te mouye pandan yon inondasyon. Pou konnen plis bagay, rele CDC nan 800-CDC-INFO.