Anpeche Mwazi apre yon Katastwòf Natirèl

ANONS SÈVIS PIBLIK

Mesaj ekri

Sa se yon mesaj enpòtan ki soti nan Depatman Sante ak Sèvis Imèn Etazini. Lè dlo lapli ak inondasyon rantre nan yon bilding, pran mezi pou anpeche mwazi devlope. Netwaye epi seche tout bagay nan espas 48 rive 72 èdtan. Kite van sikile nan espas ki mouye yo. Elimine tout materyèl mouye ki pa ka repare. Si ou wè oswa santi mwazi, netwaye l avèk yon solisyon ki fèt ak 1 kèp klowòks ki sèvi nan kay pou 1 galon dlo. Pou aprann plis bagay, rele CDC yo nan 800-CDC-INFO.

MWAYEN KI DISPONIB

Mesaj ekri Odyomedia icon
ASL Odyomedia icon

Elimine Mwazi – Mesaj ekri nan Lang Siy Ameriken (ASL)

Sa se yon mesaj enpòtan ki soti nan Depatman Sante ak Sèvis Imèn Etazini. Lè ou pare pou tounen lakay ou apre yon katastwòf natirèl, men kèk enfòmasyon ou ta dwe konnen konsènan mwazi.

Anpil moun vle konnen kijan pou yo elimine mwazi. Ou ka netwaye yon ti kantite mwazi pou kont ou. Itilize yon melanj 1 kèp klowòks nan 1 galon dlo. Ankò, se 1 kèp klowòks nan 1 galon dlo.

Sonje, pa janm melanje klowòks ak lòt pwodui ki gen klowòks – avèk amonyak, oswa lòt pwodui ki gen amonyak. Li etikèt ki sou tout pwodui pou wè sa yo gen ladan.

Si ou wè mwazi kouvri yon espas ki plis pase 10 pye kare, anvizaje chèche èd yon pwofesyonèl pou retire l.

Ki relasyon ant mwazi ak sante w? Si ou fè alèji ak mwazi, oswa ou fè maladi opresyon, viv ak mwazi nan antouraj ou ka agrave pwoblèm ou. Si ou gen maladi kwonik nan poumon oswa sistèm iminitè ou afebli, ou ka devlope enfeksyon mwazi nan poumon w, epi ou ta dwe evite bilding ki kontamine ak mwazi. Si ou panse ke mwzi gen konsekans sou sante w, tanpri kontakte pwofesyonèl sante w. An jeneral, ou ba bezwen yon mask pwoteksyon, ki rele mask N95, jis pou retounen nan yon bilding apre yon katastwòf natirèl, men si ou planifye pou netwaye mwazi ou ta dwe achte yon mask N95 nan boutik materyèl pou kay nan zòn lakay ou. Suiv enstriksyon yo ki sou bwat la konsènan jan pou mask N95 la chita byen fèm sou figi w.

Pou aprann plis rele Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) nan 1-800-CDC-INFO (1-800-232-4636) oswa 1-888-232-6348 (TTY) oubyen vizite http://emergency.cdc.gov.

Infographic: Be Ready! Hurricanes Ready: Prepare. Plan. Stay Informed. Social Media at CDC Emergency