Sekirite pou Katastwòf Natirèl pou Fiti ak Nouvo Paran yo

Katastwòf yo kapab efreyan epi lakòz estrès, sitou si w ap tann yon tibebe oswa si w gen youn.

Katastwòf natirèl, tankou dife forè, siklòn ak inondasyon, kapab enprevizib ak ravajè. Aprann kèk konsèy pou prepare w epi kenbe tèt ou e fanmi w an sekirite anvan, pandan ak apre yon katastwòf.

Prepare w pou yon Ijans oswa yon Katastwòf

Katastwòf yo kapab efreyan epi lakòz estrès, sitou si w ap tann yon tibebe oswa si w gen youn. Ou kapab pran dispozisyon annapre la yo kounye a pou ede prepare w pou yon ijans epi fè fas ak li pi byen si yon ijans rive.

  • Pale avèk founisè swen sante w konsènan kote ou pral jwenn swen prenatal oswa kote ou pral akouche tibebe w lan si klinik founisè w la oswa lopital la fèmen.
  • Si w toupre dat ou ta dwe akouche, aprann siy tranche yo ansanm ak enfòmasyon sou nesans prematire. Pale avèk founisè swen sante w konsènan sa pou w fè sizoka gen yon ijans.
  • Fòk ou enfòme— verifye avèk ajans jesyon dijans lokal ou pou w konnen kòman pou w jwenn alèt pou ijans (tankou alèt nan tèks).
  • Fè yon plan daksyon dijans pou fanmi anpou fason oumenm ak fanmi ou youn pral kontakte lòt epi ki dispozisyon ou pral pran nan diferan kalite sitiyasyon.
  • Prepare yon kit dijans ki gen ladan omwen yon rezèv manje ak dlo pou 3 jou pou chak moun, founiti sante tankou medikaman, founiti pou swen ak pou sekirite tibebe, epi chajè bakòp pou aparèy elektwonik tankou yon telefòn selilè oswa yon tablèt. Eseye estoke yon rezèv dlo pou 2 semèn, si sa posib.
  • Kenbe kopi dokiman enpòtan fanmi an tankou kontra asirans, kat ID, kopi tout enfòmasyon preskripsyon ak founiti medikal nan yon veso pòtab ki p ap pran dlo.
  • Planifye davans pou ede tibebe ou dòmi an sekirite si w oblije kite kay ou. Tibebe ou pi an sekirite lè l dòmi sou do nan pwòp zòn somèy li (tankou yon bèso pòtab oswa yon basinèt) ki pa gen okenn zòrye, dra, oswa jwèt.

Kisa pou Ou Fè Pandan Yon Katastwòf epi Jis Aprè

Si Ou Ansent

 moun ki ansent ak anplwaye abri

Si w oblije kite kay ou, chèche konnen kikote pou w jwenn chèltè. Di estaf abri a dèke sa posib ke ou ansent ak si ou gen nenpòt pwoblèm sante.

Yon fwa ou soti nan danje imedya, kontinye pran swen prenatal oumenm si se pa avèk doktè prensipal ou.

Genyen bezwen medikal espesyal pandan yon gwosès. Si w ansent oswa si w panse ou gendwa ansent, ou ka pran dispozisyon ki annapre la yo pou ede w sizoka ta gen yon katastwòf.

  • Si ou gen nenpòt siy tranche, rele founisè swen sante ou oswa 911, oswa ale nan lopital imedyatman si li san danje pou ou deplase.
  • Si w oblije kite kay ou, chèche konnen kikote pou w jwenn chèltè. Se pou w prepare pou w pati byen vit epi fòk ou gen twous dijans ou prè pou pati, ki gen ladan kopi dosye medikal yo, enfòmasyon founisè swen sante yo, epi vitamin oswa medikaman prenatal yo. Di estaf abri a dèke sa posib ke ou ansent ak si ou gen nenpòt pwoblèm sante.
  • Kontinye pran vitamin prenatal ou oswa medikaman sou preskripsyon ou jan yo preskri ou.
  • Pou pwoteje tèt ou kont enfeksyon, lave men w souvan epi rete lwen kote ki gen mwazi oswa salte epi moun ki malad. Si ou malad, pale avèk yon founisè swen sante touswit.
  • Pandan chalè estrèm, mete rad ki laj, lejè, ki gen koulè pal, rete idrate, epi eseye rete fre pou anpeche kò w vin twò cho. Rete nan bilding ki gen èkondisyone otan ke posib. Si kay ou pa gen èkondisyone, pase tan nan enstalasyon piblik ki gen èkondisyone epi sèvi ak èkondisyone nan veyikil yo. Kontakte depatman sante lokal ou oswa chèche yon chèltè ki gen èkondisyone oswa yon sant refwadisman nan zòn ou an.
  • On fwa ou soti nan danje imedya, kontinye pran swen prenatal ou menm si se pa avèk founisè swen sante regilye ou. Di founisè swen sante a si w gen nenpòt pwoblèm sante ak si w bezwen èd pou w jwenn vitamin oswa medikaman prenatal ou.
  • Pran swen sante emosyonèl ou epi pratike jesyon estrès an sante. Si w patisipe nan aktivite fizik, ou pran ase repo epi ou bwè ase dlo, sa kapab ede w diminye estrès. Mande èd si w santi w akable oswa ou sou estrès.

Si Ou se yon Nouvo Paran oswa Responsab Swen yon Tibebe

 paran mete tibebe nan kabann

Planifye davans pou ede tibebe ou dòmi an sekirite si w oblije kite kay ou. Tibebe ou pi an sekirite lè l dòmi sou do nan pwòp zòn somèy li (tankou yon bèso pòtab oswa yon basinèt) ki pa gen okenn zòrye, dra, oswa jwèt.

Tibebe ou pi an sekirite lè li dòmi sou do li. Mete tibebe a nan pwòp zòn somèy li (pa egzanp, yon bèso pòtab oswa yon basinèt) ki pa gen zòrye, dra, ni jwèt.

Yon katastwòf ka fè li difisil pou jwenn aksè nan founiti ak swen sante ki nesesè yo. Paran ak responsab swen tibebe yo ka pran dispozisyon ki annapre la yo pou ede kenbe fanmi yo an sekirite ak an sante sizoka gen yon katastwòf.

  • Si w oblije kite kay ou, fòk ou gen twous dijans ou prè pou pati, ki gen ladan kopi dosye medikal yo ak nimewo telefòn pou ijans yo, enfòmasyon sou founisè swen sante yo, medikaman ak founiti pou swen tibebe, tankou manje tibebe ak yon bèso pòtab. Se pou ou gen omwen yon rezèv dlo ak manje pou 3 jou pou chak moun. Eseye estoke yon rezèv dlo pou 2 semèn, si sa posib.
  • Fòk ou prepare w pou w pati byen vit.
    • Di anplwaye chèltè a nenpòt bezwen swen ke oumenm oswa tibebe w la ka genyen epi pran dispozisyon pou ede tibebe w dòmi an sekirite.
    • Si oumenm oswa tibebe w ap pran medikaman sou preskripsyon epi ou genyen yo avèk ou, pote yo avèk ou epi kontinye pran yo oswa bay yo jan yo preskri yo.
  • Si ou bay tibebe w tete, kontinye fè sa. Si ou nouri tibebe w ak fòmila tibebe, sèvi ak fòmila ki tou pare pou manje, si sa posib. Dlo pwòp gendwa pa disponib pou fè melanj fòmila oswa pou lave bibwon. Aprann plis sou alimantasyon tibebe pandan katastwòf yo.
  • Pandan katastwòf, pwodui chimik danjere ki sot nan biznis yo ak lòt kote ka lage nan anviwònman an. Koute anons otorite dijans yo konsènan sekirite chimik ak dispozisyon ou ka gen pou w pran pou pwoteje tèt ou. Si ou gen kesyon sou ekspozisyon ak pwodui chimik danjere pandan gwosès ak alètman, rele MotherToBaby nan 1-866-626-6847. Pou jwenn sant kontwòl pwazon nan tout peyi a, rele nan 1-800-222-1222.
  • Dèke li san danje pou fè sa, al wè yon founisè swen sante pou tchekòp sante tibebe oswa si w enkyete pou yon pwoblèm sante, menm si se pa founisè swen sante abityèl tibebe ou an. Di li sa si ou bezwen èd pou jwenn medikaman preskripsyon tibebe ou.

Si Ou Te Akouche Resaman

Si ou te akouche nan ane ki sot pase a, ou ka rankontre difikilte inik pandan katastwòf yo. Anplis konsèy yo ki anwo a pou paran yo, swiv konsèy sa yo pou pwoteje tèt ou sizoka gen yon ijans.

Si ou te akouche nan de mwa ki sot pase yo:

  • Si w oblije kite kay ou, prepare yon kit ki gen atik esansyèl yo. Si w itilize pwodui ijyèn fanm, tankou pad ijyenik oswa tanpon pou règ, anvizaje pou w pote yon rezèv, paske yo gendwa pa disponib touswit lè w bezwen yo.
  • Dèke li san danje pou fè sa, fè yon tchekòp apre akouchman si lè ou rive pou ou fè yon vizit, menm si se pa avèk founisè swen sante abityèl ou. Di li sa si ou bezwen èd pou jwenn medikaman preskripsyon ou. Si w pa pare pou w vin ansent, ou ka mande plizyè mwa rezèv pilil, patch oswa ano, osnon anvizaje pou w itilize yon metòd kontwòl nesans ki pral anpeche gwosès pandan yon peryòd tan pwolonje.

Si ou te akouche nan ane pase:

[/vc_column][/vc_row]