Kenbe Manje An Sekirite Apre yon Katastwòf oswa Ijans

Si ou nan yon katastwòf oswa yon ijans, li enpòtan pou ou pran dispozisyon pou anpeche maladi nan manje ki pa bon.

Apre Yon Katastwòf

Jete manje annapre la yo:

  • Manje ki ka gate ki pa te nan frijidè oswa ki pa te jele komsadwa akòz pàn kouran
  • Manje ki gendwa te vin an kontak avèk dlo inondasyon oswa dlo lapli
  • Manje ki gen yon sant, koulè oswa konsistans dwòl.

Manje ki pa bon yo ka fè ou malad menm si yo sanble ak santi nòmal. Lè ou gen dout, jete li!

Graphic of Infographic for Eat Safe Food after a Power Outage

Aprann plis sou sa ou ka fè pou kenbe manje ou an sekirite anvan, pandan ak apre yon pàn kouran.

Pandan ak apre yon pàn kouran

Kite pòt frijidè ak frizè yo fèmen otank posib pandan pa gen kouran.

Yon frizè plen ap kenbe manje yo an sekirite san kouran pandan 48 èdtan (24 èdtan si li mwatye plen) si ou pa louvri pòt la. Frijidè ou ap kenbe manje yo an sekirite pandan jiska 4 èdtan san kouran si ou pa louvri pòt la.

Jete manje ki annapre la yo:

  • Tout manje nan frijidè ou ki ka gate (sa gen ladan vyann, bèt volay, pwason, ze, ak rès manje) lè kouran an te koupe pandan 4 èdtan oswa plis.
  • Tout manje ki ka gate ki nan frizè ou si yo te deglase.

Ou ka tounen jele oswa kwit san danje manje ki nan frizè si manje a gen kristal glas sou li toujou epi ou santi l frèt tankou si l te nan frijidè. Tcheke tablo sa a nan FoodSafety.gov pou jwenn yon lis sou kalite manje ou ta dwe jete ak manje ou ka tounen jele.

Apre yon inondasyon

Fè sa ki endike annapre la a avèk manje ki te an kontak petèt avèk dlo inondasyon oswa dlo lapli.

Jete manje oswa veso manje ki endike annapre la yo:

  • Manje ki gen yon sant, koulè oswa konsistans dwòl.
  • Manje nan pakè ki pa enpèmeyab.
  • Manje nan veso an katon, tankou bwat ji/lèt/lèt tibebe.
  • Veso manje ki gen bouchon vise, kouvèti presyon, bouchon sèti, bouchon tòde, kapichon pou baskile, ak kapichon presyon.
  • Manje nan bwat konsèv ki fèt nan kay. Yo pa kapab dezenfekte.
  • Manje nan bwat konsèv oswa veso manje ki gonfle, louvri, oswa andomaje.

Jete bwat oswa veso manje ki pije likid oswa kim lè ou louvri yo, oswa ki gen manje ki chanje koulè, ki kanni, oswa ki gen movèz odè. Lè ou gen dout, jete li!

Netwaye ak dezenfekte sifas ki an kontak avèk manje ki te inonde
Jete planch an bwa pou koupe, tetin bibwon, ak sison tibebe yo si yo te antre an kontak avèk dlo inondasyon yo. Metòd dezenfeksyon yo pa efikas pou retire kontaminan dlo inondasyon nan atik sa yo.
Netwaye ak dezenfekte asyèt, istansil, ak lòt sifas ki touche manje yo (tankou tiwa frijidè oswa kontwa kwizin) nan yon pwosesis kat etap:

  1. Lave avèk dlo savon cho.
  2. Rense avèk dlo klè e pwòp.
  3. Dezenfekte:
    • Fè yon solisyon ki gen 1 tas (8 oz/240 mL) klowòks kay ki pa gen pafen nan 5 galon dlo pwòp.
    • Tranpe atik yo pandan 1 minit nan solisyon klowòks la (solisyon an dwe kouvri atik yo nèt).
    • Pou atik ou pa ka mete nan solisyon an (tankou kontwa yo), pase solisyon an avèk yon moso twal.
  4. Kite li seche nan lè.

Fason pou rekipere manje ki prepare komèsyalman ki nan bwat ak sachè an plastik oswa metal (tankou pakè ji fleksib, ki konsève lontan yo):

  1. Retire etikèt yo si sa posib. Note dat ekspirasyon an.
  2. Bwose oswa siye salte oswa limon.
  3. Lave bwat yo ak sachè yo avèk dlo savon cho.
  4. Rense bwat yo ak sachè yo avèk dlo klè e pwòp.
  5. Dezenfekte bwat ak sachè yo nan youn nan de fason sa yo:
    1. Mete yo nan yon solisyon ki gen 1 tas (8 oz/240 mL) klowòks kay ki pa gen pafen nan 5 galon dlo pandan 15 minit, OSWA
    2. Mete yo nan yon kastwòl dlo, fè dlo a bouyi, epi kontinye bouyi l pandan 2 minit.
  6. Remete etikèt sou bwat oswa sachè yo avèk yon makè. Mete dat ekspirasyon an.
  7. Sèvi ak manje nan bwat oswa sachè yo dèke sa posib.

Apre nenpòt katastwòf oswa ijans

Si ou sispèk katastwòf la te lakòz domaj nan estrikti kay ou, pa sèvi ak chemine ou pou kwit manje jiskaske yo te enspekte chemine a pou wè si li gen fant ak domaj. Etensèl ka chape atravè yon fant ki pa detekte epi kòmanse yon dife.

Plis Enfòmasyon