Sifilis – Fèy Enfòmasyon CDC

Serious young Haitian woman. Pregnant Haitian woman looking at belly. Gay Haitian male couple on city street.

Sifilis se yon maladi moun pran nan fè bagay (MST) epi ki kapab gen konplikasyon ki grav anpil lè li rete san trete, men li fasil pou geri avèk trètman kòrèk la.

Kisa sifilis ye?

Sifilis se yon enfeksyon moun pran nan fè bagay ki ka lakòz pwoblèm sante grav si li pa trete. Sifilis gen plizyè stad (primè, segondè, inaktif ak tèsyè). Genyen plizyè siy ak sentòm ki asosye ak chak stad.

Kijan sifilis simaye?

Ou kapab pran sifilis nan kontak dirèk avèk yon sifilis pandan w ap fè bagay nan vajen, dèyè oswa nan bouch. Ou kapab jwenn blese sifilis sou oswa toutotou peni an, vajen an oswa anis la oswa nan rektòm lan, sou lèv yo oswa nan bouch la. Yon manman ki enfekte kapab transmèt sifilis tou ba tibebe li ki poko fèt la(https://www.cdc.gov/std/pregnancy/stdfact-pregnancy.htm).

Egzanp yon blese sifilis primè.

Ak kisa sifilis sanble?

Sifilis genyen plizyè stad (primè, segondè, inaktif ak tèsyè) ak diferan siy ak sentòm ki asosye ak chak stad. Yon moun ki gen sifilis primè anjeneral genyen yon bouton maleng oswa plizyè nan premye zòn enfeksyon an. Bouton maleng sa yo pete sou oswa toutotou pati jenital yo, toutotou anis lan oswa nan rektòm lan, oswa nan oswa toutotou bouch la. Bouton sa yo anjeneral (men pa toujou) di, won, epi yo pa fè mal. Sentòm sifilis segondè gen ladann demanjezon po, nodil lenf anfle, ak lafyèv. Siy ak sentòm sifilis primè ak segondè ka modere, epi yo gen dwa pa wè yo. Nan stad inaktif, pa gen okenn siy oswa sentòm. Sifilis tèsyè asosye ak pwoblèm sante grav.  Yon doktè anjeneral ka dyagnostike sifilis tèsyè gras a plizyè tès. Li ka afekte kè a, sèvo a ak lòt ògan nan kò a.

Kijan mwen ka bese chans pou m trape sifilis?

Sèl fason pou evite MST yo se pa fè sèks nan vajen, nan dèyè ak nan bouch.

Si w fè sèks regilyèman ou ka fè bagay annapre yo pou bese chans pou trape sifilis:

  • Antann ak patnè w pou nou gen yon relasyon estab avèk yon sèl patnè ki te fè tès sifilis epi ki pa genyen sifilis;
  • Sèvi ak kapòt latèks nan fason kòrèk la(https://www.cdc.gov/condomeffectiveness/male-condom-use.html) chak fwa w ap fè bagay. Kapòt anpeche transmisyon sifilis paske li anpeche kontak fèt ak yon bouton maleng. Pafwa bouton parèt nan zòn ki pa kouvri ak yon kapòt. Kontak ak bouton sa yo ka toujou transmèt sifilis.

Èske mwen riske pou gen sifilis?

Nenpòt moun ki aktif nan sèks kapab gen sifilis si li fè bagay san pwoteksyon nan anis, nan vajen oswa si li fè sèks nan bouch. Pale yon fason ki onèt ak klè avèk pwofesyonèl swen sante ou epitou mande li si ou ta dwe fè tès pou sifilis oswa pou lòt MST yo.

  • Tout fanm ansent dwe fè tès sifilis nan premye vizit li pandan gwosès la.
  • Ou dwe fè tès regilyèman si ou aktif nan sèks. epi

Mwen ansent. Kijan sifilis ka afekte tibebe mwen an?

Si ou ansent(https://www.cdc.gov/std/pregnancy/stdfact-pregnancy.htm) epi ou gen sifilis, ou kapab transmèt enfeksyon an bay tibebe a ki poko fèt la. Si ou gen sifilis sa kapab lakòz tibebe ou fèt avèk yon ti kras pwa. Sa kapab lakòz ou gen plis chans tou pou akouche tibebe a twò bonè oswa tibebe a ka fèt tou-mouri (yon tibebe ki mouri nan moman li fèt). Pou pwoteje bebe a, ou dwe fè tès sifilis omwen yon fwa pandan gwosès la. Resevwa touswit si rezilta a pozitif.

Yon bebe enfekte ka fèt san siy oswa sentòm maladi a. Men, si tibebe a pa trete imedyatman, li ka gen pwoblèm grav nan kèk semèn. Bebe ki pa trete ka gen pwoblèm sante tankou katarak, soud, oswa malkadi, epi yo ka mouri.

Gratèl segondè nan ka sifilis sou plamen yo.

Ki siy ak sentòm sifilis?

Sentòm sifilis kay granmoun varye nan chak stad:

Stad Primè

Pandan premye stad (stad primè) sifilis la, ou ka remake yon bouton maleng senp oswa anpil. Bouton maleng lan se pozisyon kote sifilis te antre nan kò ou. Bouton yo anjeneral (men pa toujou) di, won, epi yo pa fè mal. Paske bouton yo pa ba ou doulè, ou kapab pa remake yo fasilman. Bouton an rete enjeneral 3 rive 6 semèn epi geri avèk ou san trètman. Menm apre bouton ale, ou dwe kontinye ak trètman. Sa ap anpeche enfeksyon w lan pase nan stad segondè a.

Stad Segondè

Pandan stad segondè a, ou ka gen bouton leve sou po ou ak/oswa lezyon nan manbràn mikez yo tou. Lezyon manbrann mikez se blese nan bouch, vajen oswa anis. Anjeneral, stad sa a kòmanse avèk yon gratèl sou youn oswa plis zòn nan kò ou. Iritasyon an kapab parèt lè blese primè ou geri oswa anpil semèn apre blesi a geri. Iritasyon an kapab sanble tach gwosomodo, ki gen koulè wouj oswa mawon ak wouj nan plamen ou ak anba pye ou. Iritasyon po an pap demanje w an jeneral epi pafwa li tèlman lejè ou pa remake li. Kèk nan lòt sentòm ou ka genyen se kapab lafyèv, gangliyon lenfatik anfle, malgòj, cheve ou k ap tonbe yon fason ki pa egal, maltèt, pwa kò ou bese, doulè miskilè, ak fatig (ou santi ou fatige anpil). Sentòm yo ki nan stad sa a ap pase kit ou resevwa trètman kit ou pa resevwa trètman. Si ou pa resevwa trètman kòrèk la, enfeksyon ou pral pase nan stad inaktif a epi pètèt nan stad tèsyè sifilis la.

Gratèl segondè sifilis sou lestomak.

Stad Inaktif

Stad inaktif sifilis la se yon peryòd tan lè pa gen siy oswa sentòm sifilis vizib. Si w pa resevwa trètman, ou ka kontinye genyen sifilis nan kò w pandan plizyè ane san ankenn siy oswa sentòm.

Stad Tèsyè

Pifò moun ki gen sifilis ki pa trete pa devlope sifilis tèsyè. Men, lè sa rive li ka afekte anpil sistèm ògan diferan. Sa gen ladann kè ak veso san, ak sèvo a ak sistèm nève a. Sifilis tèsyè grav anpil, epi sa ka rive nan 10-30 ane apre enfeksyon ou te kòmanse.  Nan stad sifilis tèsyè a, maladi a andomaje ògàn andedan kò ou yo epitou li kapab lakòz ou mouri.

Newosifilis ak sifilis okilè

San trètman, sifilis ka gaye nan sèvo ak sistèm nève (newosifilis) oswa nan zye (sifiliz okilè). Sa ka rive pandan nenpòt stad yo esplike pi wo a.

Nan sentòm newosifilis yo genyen

  • Gwo tèt fè mal;
  • difikilte pou kowòdone mouvman misk yo;
  • paralizi (pa kapab deplase kèk pati nan kò a);
  • Pèt sansasyon; epi
  • foli (pwoblèm mantal).

Sentòm sifilis okilè gen ladann chanjman nan vizyon, ou ka menm vin avèg.

Mikwografi Treponema pallidum ki gen fon nwa.

Kijan mwen oswa doktè m ap fè konnen si mwen gen sifilis?

Pi souvan, yo tilize yon tès san pou konnen si ou gen sifilis. Kèk pwofesyonèl swen sante ap dekouvri si ou gen sifilis depi yo teste likid ki sòti nan yon blese sifilis.

Èske sifilis kapab trete?

Wi, sifilis kapab trete avèk bon antibyotik pwofesyonèl swen sante a preskri w la. Men, trètman an p ap defèt okenn domaj enfeksyon an fèt deja.

Mwen te trete. Èske mwen kapab pran sifilis ankò?

Si ou te gen sifilis deja sa pap ka anpeche ou pran li ankò. Menm apre trètman ou te bay rezilta, ou kapab toujou enfekte ankò. Se sèlman tès laboratwa ki kapab konfime si ou gen sifilis. Li rekòmande pou pwofesyonèl swen sante ou fè lòt tès pou ou yon fason pou asire trètman ou bay rezilta.

Ou gen dwa pa wè patnè sèks ou gen sifilis. Se paske blese sifilis yo kapab kache nan vajen an, nan anis la, anba prepis peni a, oswa nan bouch la. Sof si ou konnen patnè seksyèl ou (yo) te teste epi trete, ou ka riske pou pran sifilis ankò nan yon patnè seksyèl ki pa trete.