Maladi Anflamasyon Pèlvyen (PID) – Fèy Enfòmasyon CDC

Haitian woman serious striped shirt. Haitian woman of size serious. Haitian woman serious closeup.

Maladi ki pa trete moun pran nan fè bagay (MST yo) kapab lakòz maladi enflamasyon pèlvyèn (MEP), yon maladi ki grav, lakay fanm. 1 fanm sou 8 fanm ki konn gen MEP gen difikilte pou yo vin ansent. Ou kapab prevni MEP si ou konnen kijan pou pwoteje tèt ou.

Kisa MEP ye?

Maladi enflamasyon pèlvyèn se yon enfeksyon ki nan ògàn repwodiksyon yon fanm. Se yon konplikasyon fanm genyen souvan akòz kèk MST, tankou klamidya(https://www.cdc.gov/std/chlamydia/default.htm) ak gonore(https://www.cdc.gov/std/gonorrhea/default.htm). Lòt enfeksyon moun pa ka pran nan fè bagay kapab lakòz MEP tou.

Kijan mwen pran MEP?

Ou gen plis chans pou pran MEP si ou

  • Gen yon MST epi ou pa swiv trètman pou li;
  • W ap fè bagay ak plis pase yon patnè;
  • W ap fè bagay ak yon patnè ki limenm ap fè bagay ak yon lòt patnè;
  • Te gen MEP anvan;
  • Aktif nan sèks epi ou gen laj 25 ane oswa mwens;
  • Pran douch vajen;
  • Itilize yon esterilè (DUI) pou pa fè pitit. Sepandan, w ap jwenn ti ogmantasyon risk la sitou nan twa premye semèn yo apre yon doktè mete DUI a anndan iteris la.

Kijan mwen ka bese risk pou m trape MEP?

Sèl fason pou evite MST yo se pa fè sèks nan vajen, nan dèyè oswa nan bouch.

Si w aktif nan sèks ou ka fè bagay annapre yo pou bese chans pou trape MEP:

Kijan pou m konnen si mwen gen MEP?

Pa gen tès pou MEP. Anjeneral yon dyagnostik chita sou yon melanj istwa medikal ou, egzamen fizik ou, ak kèk lòt rezilta tès. Ou ka pa konnen si ou gen MEP paske sentòm ou yo ka modere, oswa ou ka pa gen okenn sentòm ditou. Men, si ou gen sentòm, ou ka remake

  • Doulè anba tivant;
  • Lafyèv;
  • Yon ekoulman ou pa abitye genyen ki bay yon move odè k ap sòti nan vajen ou;
  • Doulè ak/oswa ou bay san lè w ap fè bagay;
  • Sansasyon boule lè w ap pipi; oswa
  • San kap koule san se poko règ ou.

Ou ta dwe

  • Ale kay doktè pou yon egzamen si ou remake nenpòt nan sentòm sa yo;
  • Wè yon doktè san pèdi tan si ou panse oumenm oswa patnè seksyèl ou (yo) gen oswa te gen kontak ak yon MST;
  • Wè yon doktè touswit si ou gen youn nan sentòm jenital sa yo tankou yon blese ou pa abitye genyen, yon ekoulman ki bay move odè, sansasyon boule lè w ap pipi, oswa san kap koule san se pa règ ou;
  • Fè yon tès pou klamidya chak ane si ou aktif nan sèks epi si ou gen laj 25 lane oswa mwens.
  • Si ou aktif nan sèks, pale klè e di laverite ak pwofesyonèl swen sante ou epitou mande li si ou ta dwe fè tès pou lòt MST yo.

Èske MEP kapab trete?

Wi, si yo dekouvri ou gen MEP bonè, maladi a kapab trete. Men, trètman an p ap repare okenn domaj ki te deja fèt nan sistèm repwodiksyon ou. Tank ou rete tann plis tan pou trete, tank w ap gen plis chans pou ou gen konplikasyon ak MEP la. Pandan w ap pran antibyotik, sentòm ou yo ka ale anvan enfeksyon an trete. Menmsi sentòm yo ale, ou dwe fin pran tout medikaman ou. Sonje pou fè dènye patnè seksyèl ou (yo) konnen sa, yon fason pou yo kapab fè tès epi swiv trètman pou MST tou. Li enpòtan anpil tou pou oumenm ak patnè ou fini trètman ou anvan nou fè nenpòt kalite sèks yon fason pou youn pa enfekte lòt ankò.

Ou kapab gen MEP ankò si ou enfekte avèk yon MST ankò. Epitou, si ou te gen MEP anvan, ou gen plis chans pou pran li ankò.

Kisa k ap pase si mwen pa trete?

Si doktè dekouvri ou gen MEP epi si ou swiv trètman pou li, ou kapab pa gen konplikasyon yo. Kèk nan konplikasyon MEP yo se

  • Fòmasyon tisi sikatris deyò ak andedan twonp Falòp yo ki kapab lakòz twonp yo bloke;
  • Gwosès ektopik (gwosès deyò matris la);
  • Enfètilite (ou pa kapab ansent);
  • Doulè pèlvyèn/abdominal pandan lontan.