Enfeksyon Jenital HPV – Fèy Enfòmasyon CDC

Haitian mom with two sons. Smiling Haitian teen girl. Smiling young Haitian brother and sister.

Viris Papilom imen (VPH) se enfeksyon ki pi kouran moun pran nan fè bagay nan peyi Etazini. Kèk efè VPH lakòz sou sante kapab evite avèk vaksen VPH.

Kisa VPH ye?

VPH se enfeksyon ki pi kouran moun pran nan fè bagay (EST) (sexually transmitted infection, STI). VPH se yon viris ki diferan avèk VIH(https://www.cdc.gov/hiv/basics) ak HSV(https://www.cdc.gov/std/herpes/stdfact-herpes.htm) (èpès). 79 milyon ameriken, pi fò nan fen adolesans yo ak kòmansman 20 tèn yo, enfekte ak VPH. Gen plizyè seri VPH. Kèk tip kapab lakòz pwoblèm sante tankou veri jenital ak kansè. Men gen kèk vaksen ki kapab anpeche ou gen pwoblèm sante sa yo.

Kijan VPH la simaye?

Ou kapab pran VPH nan fè bagay ak moun nan vajen, nan dèyè, nan bouch avèk yon moun ki gen viris la. Li simaye pi fasil pandan w ap fè bagay nan bouch ak nan dèyè. VPH kapab transmèt menm lè yon moun ki enfekte pa gen siy oswa sentòm yo.

Nenpòt moun ki aktif nan sèks kapab pran VPH, menm si ou te fè bagay avèk yon sèl moun. Ou kapab gen sentòm yo tou kèk ane apre ou fè bagay avèk yon moun ki enfekte. Sa rann li difisil pou konnen lè w premye enfekte.

Èske VPH kapab lakòz pwoblèm sante?

Nan pifò ka yo, VPH ale poukont li epi li pa lakòz okenn pwoblèm sante. Men lè VPH pa ale, li kapab lakòz pwoblèm sante tankou veri jenital ak kansè.

Anjeneral, veri jenital parèt kòm yon ti boul oswa yon gwoup ti boul nan pati jenital la. Yo kapab piti oswa gwo, anfle oswa plat, oswa yo kapab gen fòm yon chouflè. Anjeneral, yon pwofesyonèl swen sante kapab dekouvri ou gen veri depi li gade pati jenital ou.

Èske VPH kapab lakòz kansè?

HPV kapab lakòz kansè matris ak lòt kansè tankou kansè vilv, kansè vajen, kansè peni oswa kansè anis (twou dèyè). Li kapab lakòz kansè nan dèyè gòj la tou, tankou baz lang lan ak amigdal yo (yo rele l kansè owofarenjyen(https://www.cdc.gov/cancer/hpv/statistics/headneck.htm)).

Kansè souvan pran ane, plizyè dizèn ane menm, pou l devlope apre yon moun pran VPH. Kalte VPH ki ka lakòz veri jenital pa menm ak kalte VPH ki lakòz kansè.

Pa gen okenn fason pou konnen ki moun ki gen VPH ki pral devlope kansè oswa lòt pwoblèm sante. Moun ki gen sistèm iminolojik fèb (tankou sila yo ki gen VIH/SIDA) mwens anmezi pou yo goumen ak VPH. Yo gen tou anpil chans pou devlope pwoblèm sante akòz VPH la.

Kijan mwen ka evite pran VPH ak lòt pwoblèm sante li lakòz yo?

Ou kapab fè anpil bagay pou bese chans ou pou pran VPH.

Pran vaksen. Vaksen VPH a pa gen danje epi li efikas. Li ka pwoteje kont maladi (tankou kansè) VPH lakòz lè yo bay li nan gwoup laj yo rekòmande a. (Gade “Kimoun ki dwe pran vaksen” anba la) CDC rekòmande pou timoun 11 rive 12 pran de dòz vaksen VPH pou pwoteje yo kont kansè VPH lakòz. Pou plis enfòmasyon sou rekòmandasyon yo, tanpri ale sou: https://www.cdc.gov/vaccines/vpd/hpv/public/index.html

Fè tès depistaj pou kansè matris. Tès depistaj woutin pou fanm ki gen laj 21 ane jiska laj 65 lane kapab anpeche yo gen kansè matris.

Si ou aktif nan sèks

  • Sèvi ak kapòt latèks nan fason kòrèk la(https://www.cdc.gov/condomeffectiveness/male-condom-use.html) chak fwa w ap fè bagay. Sa kapab bese chans pou gen VPH. Men VPH kapab enfekte zòn ki pa kouvri avèk yon kapòt – poutèt sa kapòt yo ka pa bay tout pwoteksyon kont VPH;
  • Gen relasyon ak yon sèl moun ki limenm tou gen sèl oumenm – oswa ou dwe fè bagay sèlman avèk yon moun ki fè bagay avèk oumenm sèlman.

Kimoun ki ta dwe vaksinen?

Tout ti gason ak ti fi ki gen laj 11 zan oswa 12 zan ta dwe vaksinen.

Vaksen ratrapaj yo rekòmande pou gason yo jiska laj 21 lane epi pou fanm yo jiska laj 26 zan, si yo pa t vaksinen lè yo te pi jèn.

Vaksen an rekòmande tou pou gason makòmè yo ak gason ki nan fi ak gason yo (oswa pou nenpòt gason ki fè bagay avèk gason parèy li) jiska laj 26 zan. Li rekòmande tou pou gason ak fanm ki gen sistèm defans yo fèb (sa k gen ladan moun ki gen VIH/SIDA) jiska laj 26 zan, si yo pa te pran tout dòz vaksen yo lè yo te pi jèn.

Kijan pou m fè konnen si mwen gen VPH?

Pa gen tès pou konnen “sitiyasyon VPH” yon moun.” Epitou, pa gen tès VPH yo apwouve pou konnen si yon moun gen VPH nan bouch oswa nan gòj.

Gen kèk tès VPH yo kapab itilize pou fè egzamen pou kansè matris. Tès sa yo rekòmande pou fè egzamen sèlman sou fanm ki gen laj 30 tan ak plis. Yo pa rekòmande tès VPH pou egzamine gason, adolesan oswa fanm ki poko gen laj 30 tan.

Pifò moun ki gen VPH pa menm konnen si yo enfekte epi yo pa janm gen sentòm oswa pwoblèm sante avèk li. Kèk moun konnen yo gen VPH lè yo gen veri jenital. Fanm ka konnen yo gen VPH lè yo resevwa yon rezilta tès Papanikola (fwoti vajinal) ki pa nòmal (pandan egzamen pou detekte kansè matris). Lòt fanm ka konnen sa sèlman lè yo gen pwoblèm sante ki pi grav akòz VPH la, tankou kansè.

Jis nan ki pwen VPH ak pwoblèm sante li lakòz yo kouran?

VPH (viris la): Apeprè 79 milyon Ameriken enfekte avèk VPH pou kounye a. Apeprè 14 milyon moun tounen nouvo enfekte chak ane. VPH tèlman kouran preske tout moun ki aktif nan fè bagay ap gen VPH nan yon moman nan lavi yo si yo pa pran vaksen VPH.

Pwoblèm sante yo gen pou wè ak veri jenital ak kansè matris.

Veri jenital: Anvan yo te entwodi vaksen VPH, apeprè 340,000 rive 360,000 fanm ak gason te afekte ak veri jenital VPH lakòz chak ane.* Epitou, youn sou 100 granmoun ki aktif nan sèks nan peyi Etazini gen veri jenital nan nenpòt moman nan lavi yo.

Kansè matris: Chak ane, preske 12,000 fanm kap viv nan peyi Etazini ap dyagnostike ak kansè matris, e plis pase 4,000 fanm mouri ak kansè matris—menm ak depistaj ak trètman.

Gen lòt pwoblèm medikal ak kansè(https://www.cdc.gov/std/hpv/stdfact-hpv.htm) VPH lakòz kay moun k ap viv nan peyi Etazini. Chak ane, apeprè 19,400 fanm ak 12,100 gason afekte ak kansè VPH lakòz.

*Chif sa yo sèlman bay kantite moun ki chèche swen pou veri jenital. Chif sa yo kapab piba pase vrè kantite moun ki gen veri jenital.

Mwen ansent. Èske si mwen gen VPH sa ap gen konsekans sou gwosès mwen?

Si ou ansent epi ou gen VPH, ou kapab gen veri jenital oswa ou kapab devlope chanjman selil ki pa nòmal nan matris ou. Yo kapab dekouvri chanjman selil ki pa nòmal avèk egzamen depistaj pou kansè matris. Ou ta dwe fè egzamen depistaj kansè matris woutin menmsi ou ansent.

Èske mwen kapab trete pou VPH oswa pou pwoblèm sante VPH lakòz yo?

Pa gen trètman pou viris la menm. Men, gen kèk trètman pou pwoblèm sante VPH kapab lakòz yo:

  1. Veri jenital ka jwenn trètman nan men pwofesyonèl swen sante oswa ak medikaman sou preskrisyon. Si veri jenital la rete san trete, li ka ale, li ka rete menm jan, oswa li ka vin pi wo oswa pi plis.
  2. Pre-kansè matris kapab trete. Fanm ki fè fwotis vajinal woutin (Pap tès) epi ki fè swivi jan sa nesesè kapab dekouvri pwoblèm yo anvan kansè a devlope. Prekosyon toujou pi bon pase trètman. Pou jwenn plis enfòmasyon ale sou www.cancer.orgExternal.
  3. Lòt kansè ki gen pou wè ak VPH kapab trete pi fasil tou lè doktè dekouvri yo bonè ak lè yo trete bonè. Pou jwenn plis enfòmasyon ale sou www.cancer.orgExternal.