Blenoraji – Fèy Enfòmasyon CDC

Haitian couple serious. Haitian and Asian male couple laughing. Haitian couple in an embrace.

Nenpòt moun ki aktif nan sèks kapab gen gonore. Gonore kapab lakòz konplikasyon ki grav anpil lè li pa trete, men li kapab geri avèk bon jan medikaman.

Kisa gonore a ye?

Gonore se yon maladi moun pran nan fè bagay (MST) ki kapab enfekte gason tankou fanm. Li kapab lakòz enfeksyon nan pati jenital, rektòm (twou dèyè) ak gòj. Li se yon enfeksyon ki kouran anpil, sitou pami jèn moun ki gen laj 15-24 lane.

Kijan Gonore a simaye?

Ou kapab pran gonore a lè ou fè bagay nan dèyè, vajen oswa bouch avèk yon moun ki gen gonore. Yon fanm ansent (https://www.cdc.gov/std/pregnancy/stdfact-pregnancy.htm)ki gen gonore kapab bay tibebe li a enfeksyon an pandan l ap akouche.

Kijan mwen ka bese risk pou m trape gonore?

Sèl fason pou evite maladi moun pran nan fè bagay (MST) se pa fè sèks nan vajen, nan dèyè ak nan bouch.

Si w fè bagay regilyèman, ou ka fè sa k annapre yo pou bese chans pou trape gonore:

Èske mwen riske poum gen gonore?

Nenpòt moun ki aktif nan sèks kapab gen gonore si li fè bagay san pwoteksyon nan anis, nan vajen oswa nan bouch.

Si ou aktif nan sèks, pale yon fason ki onèt ak serye avèk pwofesyonèl swen sante ou la epitou mande li si ou ta dwe fè tès pou gonore oswa pou lòt MST yo. Si ou se yon gason ki aktif nan sèks epi ou se yon gason makòmè, ou fè bagay ak fi ak gason, oswa ou fè bagay avèk gason parèy ou, ou ta dwe fè tès pou gonore chak ane. Si w se yon fanm ki aktif nan sèks epi ou poko gen 25 lane oswa yon fanm pi gran ki gen faktè risk tankou nouvo oswa plizyè patnè sèks, oswa yon patnè sèks ki gen yon enfeksyon moun pran nan fè bagay, ou dwe fè tès gonore chak ane.

Mwen ansent. Kijan gonore ap afekte tibebe m nan?

Si ou ansent(https://www.cdc.gov/std/pregnancy/stdfact-pregnancy.htm) epi ou gen gonore, ou kapab transmèt enfeksyon an ba tibebe ou la pandan akouchman. Sa ka lakòz pwoblèm sante grav pou bebe a. Si ou ansent, li enpòtan pou ou pale avèk pwofesyonèl swen sante ou pou ou kapab fè egzamen, tès ak trètman kòrèk, jan li nesesè. Si ou trete gonore a touswit sa ap fè tibebe a gen mwens chans pou l pou gen konplikasyon pou sante li.

Kijan m ap fè konnen si mwen gen gonore?

Kèk gason ki gen gonore ka pa gen sentòm yo ditou. Men, gason ki gen sentòm yo ka gen:

  • Yon sansasyon boule lè y ap pipi;
  • Yon dechaj blan, jòn oswa vèt nan peni yo;
  • Boul grenn ki bay yo doulè oswa ki anfle (menmsi sa mwens kouran).

Pifò gason ki gen gonore pa gen okenn sentòm. Menm lè yon fanm gen sentòm, sentòm yo modere souvan epi fanm nan kapab panse li gen yon enfeksyon nan blad-pipi oswa nan vajen. Fanm ki gen gonore riske pou gen konplikasyon grav nan enfeksyon an, menm si yo pa gen okenn sentòm.
Men kèk nan sentòm kay fanm yo:

  • Yon sansasyon doulè oswa boule lè y ap pipi;
  • Plis ekoulman nan vajen;
  • San kap koule san se poko règ ou..

Enfeksyon nan rektòm ka swa pa lakòz sentòm oswa yo kapab lakòz sentòm sou gason ak fanm ki ka gen ladan:

  • Ekoulman;
  • Demanjezon nan anis;
  • Doulè;
  • Senyen;
  • Poupou ki bay doulè.

Doktè ou ta dwe egzamine ou si ou remake nenpòt nan sentòm sa yo oswa si patnè ou gen yon MST oswa sentòm yon MST, tankou yon blese li pa abitye genyen, yon ekoulman ki gen move odè, boule lè l ap pipi, oswa san ap koule anvan dat règ yo.

Kijan doktè mwen ap fè konnen si mwen gen gonore?

Pisouvan, yo kapab itilize pipi pou fè tès pou gonore. Men, si ou te fè sèks nan bouch ak/oswa sèks nan anis, yo ka itilize tanpon pou pran echantiyon nan gòj ou ak/oswa nan rektòm ou. Nan kèk ka, yo ka itilize yon tanpon on pou pran yon echantiyon nan irèt (kanal pipi a) yon gason oswa nan kòl matris (ouvèti matris) yon fanm.

Èske gonore kapab geri?

Wi, gonore kapab geri avèk trètman kòrèk la(https://www.cdc.gov/std/gonorrhea/treatment.htm). Li enpòtan pou ou pran tout medikaman doktè a preskri ou pou trete enfeksyon an. Ou pa ta dwe bay lot moun nan medikaman pou gonore w la. Menmsi medikaman yo ap sispann enfeksyon an, yo p ap defèt okenn domaj pèmanan maladi a lakòz.

Li vin pi difisil pou trete kèk gonore, lè souch gonore(https://www.cdc.gov/std/gonorrhea/arg/default.htm) ki reziste ak medikaman yo ap ogmante. Si sentòm ou yo kontinye pandan plis pase de ou twa jou apre ou resevwa tretman an, ou ta dwe retounen nan klinik yon pwofesyonèl sante pou yo tcheke ou ankò.

Mwen te trete pou gonore. Kilè mwen kapab fè bagay ankò?

Ou ta dwe rete tann sèt jou apre ou fin pran tout medikaman yo anvan ou fè bagay. Pou pa enfekte avèk gonore ankò oswa pou pa transmèt gonore ba patnè ou (yo), oumenm ak patnè seksyèl ou (yo) pa ta dwe fè bagay jouk lè nou chak fin swiv trètman. Si ou te gen gonore epi ou te pran medikaman nan tan pase yo, ou kapab toujou enfekte ankò si ou fè bagay san pwoteksyon avèk yon moun ki gen gonore.

Kisa k ap pase si mwen pa trete?

Gonore ki pa trete kapab lakòz pwoblèm sante ki grav ak pèmanan kay fanm tankou gason.
Kay fanm, gonore ki pa trete kapab lakòz maladi enflamasyon pèlvyen (MEP)(https://www.cdc.gov/std/pid/stdfact-pid.htm). Kèk nan konplikasyon MEP yo se

  • Fòmasyon tisi sikatris ki bloke twonp falòp yo;
  • Gwosès ektopik (gwosès deyò matris la);
  • Enfètilite (ou pa kapab ansent);
  • Doulè pèlvyen/abdominal alontèm.

Sou gason yo, gonore kapab lakòz yon pwoblèm ki bay doulè nan tib ki tache nan boul grenn yo. Nan ka ki ra yo, sa ka lakòz yon gason vin esteril, oswa sa ka anpeche li kapab fè yon timoun.
Raman, gonore ki pa trete kapab simaye nan san ou oswa nan jwenti yo. Pwoblèm medikal sa a kapab menase lavi ou.

Gonore ki pa trete ka ogmante chans ou tou pou genyen oswa pou transmèt VIH(https://www.cdc.gov/std/hiv/stdfact-std-hiv.htm) – viris ki lakòz maladi SIDA.