Èpès Jenital – Fèy Enfòmasyon CDC

Happy Haitian couple smiling at each other sitting on bed. Haitian gay male couple walking down street. Happy Haitian couple smiling on the beach.

Èpès jenital se yon maladi kouran moun pran nan fè bagay (MST) tout moun ki aktif nan sèks kapab pran. Pifò moun ki gen viris la pa gen sentòm yo. Menm lè pa gen siy maladi a, èpès ka toujou gaye nan mitan patnè seksyèl yo.

Kisa èpès jenital la ye?

Èpès jenital(https://www.cdc.gov/std/herpes/default.htm) se yon MST moun pran nan de (2) kalite viris. Viris yo rele viris èpès senplèks tip 1(SHV-1) ak viris èpès senplèks tip 2 (HSV-2).

Kisa èpès oral ye?

Epès oral anjeneral se HSV-1 ki lakòz li e sa ka bay fe chalè oswa bouton lafyèv sou bouch oswa toutotou bouch. Sepandan, pi fò moun pa gen okenn sentòm. Pi fò moun ki soufri ak èpès oral te enfekte lè yo te piti oswa lè yo te jèn nan kontak yo te gen ak krache san se pa nan sèks.

Ki relasyon ki genyen ant èpès jenital ak èpès oral?

Epès oral se HSV-1 li lakoz sa li ka gaye soti nan bouch pou ale nan pati jenital yo nan fè bagay nan bouch(https://www.cdc.gov/std/healthcomm/stdfact-stdriskandoralsex.htm). Se poutèt sa kèk ka èpès jenital se HSV-1 ki bay yo.

Jis nan ki pwen èpès jenital kouran?

Èpès jenital kouran nan peyi Etazini. Plis pase youn sou chak sis (6) moun ki gen ant 14 zan ak 49 van gen èpès jenital.

Kijan èpès jenital simaye?

Ou kapab pran èpès nan fè bagay nan bouch, nan vajen oswa sèks nan dèyè avèk yon moun ki gen maladi a.

Si ou pa gen èpès, ou ka pran enfeksyon si ou vin ankontak ak viris èpès la nan:

  • yon bouton èpès;
  • Saliv (si patnè w gen yon enfeksyon èpès oral) oswa sekresyon nan pati li (si patnè w gen yon enfeksyon èpès jenital);
  • Po nan zòn bouch la si patnè w gen yon enfeksyon èpès oral oswa po nan pati entim yo si patnè w gen yon enfeksyon èpès jenital.

Ou ka trape èpès nan men yon patnè sèks ki pa gen yon maleng vizib oswa ki pa menm konnen si li enfekte. Li posib tou pou pran èpès jenital si ou fè bagay nan bouch ak yon patnè ki gen èpès oral.

Ou pap trape èpès nan bòl twalèt, nan dra oswa pisin, oswa nan manyen bagay toutotou ou tankou ajantri, savon oswa sèvyèt. Si w gen plis kesyon sou kijan moun pran èpès, chèche diskite sou sa ak yon pwofesyonèl swen sante.

Kijan mwen ka bese risk pou m trape èpès jenital?

Sèl fason pou evite MST yo se pa fè sèks nan vajen, nan dèyè ak nan bouch.

Si w fè bagay regilyèman, ou ka fè sa k annapre yo pou bese chans pou trape èpès jenital:

Se pou konnen se pa tout bouton èpès ki parèt nan zòn ki kouvri ak yon kapòt latèks. Epitou, viris èpès ka soti nan zòn po a ki pa gen yon bouton èpès vizib. Pou rezon sa yo, kapòt ka pa pwoteje w nèt kont èpès.

Si w nan yon relasyon ak yon moun ou konnen ki gen èpès jenital, ou ka diminye risk pou pran èpès jenital la si:

  • Patnè w pran yon medikaman kont èpès chak jou. Se yon bagay patnè w dwe diskite ak doktè li.
  • Ou pa dwe fè bagay nan vajen, nan dèyè, ni nan bouch lè patnè w gen sentòm èpès (sètadi lè patnè w gen bagay ki pete sou li).

Mwen ansent. Kijan èpès jenital kapab afekte ti bebe mwen?

Si ou ansent epi si ou gen èpès jenital, li enpòtan anpil pou ale nan vizit pou jwenn swen anvan akouchman. Fè doktè ou konnen si ou te janm gen sentòm èpès jenital, oswa si yo te janm dyagnostike ou gen èpès jenital. Epitou di doktè a si ou te janm ankontak ak moun ki gen èpès jenital. Dapre kèk rechèch, enfeksyon èpès jenital ka lakòz foskouch, oswa ka fè ou gen anpil chans pou akouche twò bonè.

Ou ka pase enfeksyon èpès bay timoun lan anvan l fèt men sa rive pi souvan pou pase l bay tibebe a pandan akouchman. Sa ka rive enfeksyon an tiye bebe a (yo rele sa èpès neyonatal). Li enpòtan pou pa pran èpès pandan ou ansent. Si w ansent epi ou gen èpès jenital, ou ka gen pou pran medikaman èpès jiskaske ou rive nan moman akouchman. Medikaman sa ka diminye risk pou genyen siy oswa sentòm èpès jenital nan moman akouchman. Nan moman akouchman, doktè ou la dwe egzamine ou pou bouton èpès avèk anpil atansyon. Si ou gen sentòm èpès pandan w ap akouche, anjeneral yo fè yon “seksyon C” pou ou.

Kijan mwen ka konnen si m gen èpès jenital?

Pi fò moun ki genyen èpès jenital pa gen sentòm oswa yo gen sentòm lejè. Ou ka pa remake sentòm lejè yo oswa ou ka pran yo pou lòt pwoblèm ou gen sou po ou, tankou bouton oswa pwal ki pa grandi. Pou rezon sa, pifò moun ki gen èpès pa menm konnen sa.

Anjeneral maleng èpès jenital parèt kòm youn oswa anpil ti boul sou oswa toutotou pati jenital yo, rektòm (twou dèyè) oswa bouch. Ti boul yo pete epi yo kite ti maleng ki fè mal epi ki ka pran kèk semèn pou yo geri. Kèk fwa yo rele sentòm sa yo “genyen yon atak.” Premye fwa yon moun gen yon atak, yo ka genyen sentòm grip tou tankou lafyèv, kò fè mal oswa glann anfle.

Moun ki fè esperyans yon premye atak èpès ka genyen plizyè atak, sitou si yo enfekte ak HSV-2. Anjeneral, atak ki repete yo pi kout epi yo mwens grav pase premye atak la. Menm si enfeksyon an kapab rete nan kò w pou rès lavi ou, kantite atak yo ka diminye ofiamezi tan ap pase.

Ou dwe ale kay doktè si w remake youn nan sentòm sa yo oswa si patnè w la gen yon MST oswa sentòm yon MST. Sentòm MST yo ka genyen yon maleng ki pa nòmal, yon ekoulman ki gen move sant, boule lè w ap pipi oswa w ap senyen anvan règ ou vini.

Kijan doktè m nan ap fè konnen si mwen gen èpès?

Pwofesyonèl swen sante ou la kapab dekouvri ou gen èpès jenital lè li annik gade sentòm ou yo. Pwofesyonèl swen sante kapab pran yon echantiyon nan maleng lan (yo) tou pou teste li. Nan kèk sitiyasyon, yo ka itilize yon tès san pou chèche antikò èpès. Pale yon fason ki onèt epi alèz avèk pwofesyonèl swen sante ou la epitou mande li si ou ta dwe fè tès pou èpès oswa pou lòt MST yo.

Tanpri se pou note: Yon tès san pou èpès ka ede yo konnen si ou gen enfeksyon èpès. Li pa kapab di ki moun ki te ba w enfeksyon an oswa depi kilè ou enfekte.

Èske èpès kapab trete?

Pa gen trètman pou èpès. Men, gen medikaman ki kapab anpeche oswa diminye aparisyon yo. Ou kapab pran youn nan medikaman sa yo pou èpès chak jou, epitou sa ap fè gen mwens chans pou transmèt enfeksyon an ba patnè seksyèl ou (yo).

Kisa k ap pase si mwen pa trete?

Èpès jenital kapab lakòz ou gen maleng jenital ki fè mal epi maladi a kapab grav sou moun ki gen sistèm defans yo ki fèb.

Si ou manyen maleng ou yo oswa likid ki sòti nan maleng yo, ou ka transfere èpès la nan yon lòt pati kò ou, tankou zye ou. Pa manyen maleng yo oswa likid yo pou pa transmèt èpès la nan yon lòt pati kò ou. Si ou manyen maleng yo oswa likid yo, byen lave men ou touswit pou pa transmèt enfeksyon an.

Si ou ansent, kapab gen pwoblèm pou ou ak fetis kap devlope a oswa pou tibebe ki fenk fèt la. Gade seksyon “Mwen ansent. Kijan èpès jenital kapab afekte ti bebe mwen?” piwo a w ap jwenn enfòmasyon sou sa.

Èske mwen toujou kapab fè bagay si mwen gen èpès?

Si ou gen èpès, ou ta dwe di patnè seksyèl ou (yo) sa, epitou ou ta dwe fè li konnen ou gen maladi a ak risk ki gen nan sa. Si ou sèvi ak kapòt sa ka ede ou diminye risk la, men sa p ap elimine risk la nèt. Gen bouton lafyèv oswa lòt sentòm èpès ka ogmante risk pou gaye maladi a. Menm si ou pa gen okenn sentòm, ou kapab toujou enfekte patnè seksyèl ou yo.

Ou ka gen enkyetid sou fason èpès jenital pral gen konsekans sou sante w anjeneral, lavi seksyèl ou, ak relasyon ou yo. Li pi bon pou ou pou pale avèk yon pwofesyonèl swen sante sou enkyetid sa yo, men tou li enpòtan pou rekonèt, menm si èpès pa kapab trete, ou kapab kontwole li ak medikaman. Terapi pou stope oswa diminye (sètadi pran medikaman antiviris chak jou) pou èpès ka bese tou risk pou transmèt èpès jenital bay patnè sèks ou. Pa bliye diskite opsyon trètman yo ak pwofesyonèl swen sante ou. Paske yon dyagnostik èpès jenital ka afekte fason ou pral santi ou nan relasyon seksyèl ou kounye a ak pidevan, li enpòtan pou konprann kijan pou pale avèk patnè seksyèl ou yo sou MST yo.

Ki relasyon ki genyen ant èpès jenital ak VIH?

Èpès jenital kapab lakòz maleng oubyen po a koupe oswa po bouch la, vajen ak rektòm nan. Sa ouvri wout pou VIH la rantre nan kò w. Men lè ou pa wè bouton lafyèv, lè w gen èpès jenital sa ogmante kantite selil CD4 (selil VIH yo tagèt la pou antre nan kò w) ki twouve yo nan mikez jenital yo. Lè yon moun gen VIH ak èpès jenital ansanm, chans yo wo pou transmèt VIH la bay yon patnè sèks ki pa enfekte ak VIH nan kontak sèksyèl ak bouch, vajen osw rektòm patnè a.