Sekirite Manje Lè Gen Pann Kouran

Li kapab riske pou konsome manje ki dwe konsève nan frijidè oswa konjle apre yon blakawout . Chèche konnen kisa ou ka fè pou ou konsève manje yo san danje pandan yon pann kouran epi kilè ou dwe jete manje ki ta ka rann ou malad.

ANVAN:

  • Kite tèmomèt pou aparèy elektwo-menaje yo nan frijidè ak frizè ou an. Frijidè an ta dwe nan 40°F oswa pi ba. Frizè an ta dwe nan 0°F oswa pi ba.

Prepare pou ka dijans oswa dezas natirèl yo:

  • Konjle resipyan dlo ak pake jèl yo pou ede kenbe manje ou yo glase a 40°F oswa pi ba.
  • Bat pou ou gen yon glasyè avèk pake jèl ki glase alamen si toutfwa ou oblije retire manje ou yo nan frijidè a pou ou kenbe yo glase.
  • Achte glas kabonik oswa blòk glas pou kenbe manje ou yo glase nan frijidè an, si ou panse kouran an ap pran lontan pou l tounen.

PANDAN:

  • Kenbe pòt frijidè ak frizè yo fèmen.
  • Si pòt yo rete fèmen, manje yo ap rete san danje pandan jiska:
    • 4 èdtan nan yon frijidè.
    • 48 èdtan nan yon frizè ranpli; 24 èdtan nan yon frizè amwatye.
  • Si yo pran kouran pandan 4 èdtan epi gen yon glasè ak glas ki disponib, mete manje ki dwe konsève nan frijidè ki ka gate yo nan glasè an. Pou konsève yo a 40°F oswa pi ba, ajoute glas oswa yon bagay ki glase tankou pake jèl ki konjle.

APRE:

  • Pa janmgoute yon manje pou detèmine si l san danje pou ou manje l. Depi ou gen dout, jete l.
  • Jete manje ki ka gateki nan frijidè ou an (vyann, pwason, fri ak legim ki koupe, ze ak rès manje) apre 4 èdtan san kouran oswa yon lòt bagay ki glase tankou glas kabonik. Jete nenpòt manje ki gen yon sant, koulè oswa konsistans ki dwòl.
  • Verifye tanperati manjeki nan glasè oswa nan frijidè ou an ak yon sous glas ou ajoute. Jete manje ki gen yon tanperati ki pi wo pase 40°
  • Si ou gen yon tèmomèt pou aparèy elektwo-menaje nan frizè ou an, verifye pou wè si l toujou a 40 °F oswa pi ba.
    • Ou ka rekonjle oswa kuit manje konjle ki deglase yo ki toujou genyen kristal glas oswa ki nan 40 °F oswa pi ba.