Dlo-Dlo Sal 1
ANONS SÈVIS PIBLIK
Mesaj ekri
Dokiman sa genyen enfòmasyon enpòtan sou sante piblik ki la pou ede ou pran prekosyon ak dlo w ap bwè. Kote ou nòmalman pran dlo ka vin danjere apre yon katastwòf natirèl menmsi dlo a sanble klè. Dirijan lokal yo ka bay rekòmandasyon espesifik pou bouyi oswa trete dlo nan zòn ou an. Si ou pa gen boutèy dlo ki san danje, ou ta dwe bouyi dlo pou 1 minit pou fè l san danje. Ajoute 8 gout klowòks 5-6% ki sèvi nan kay nan 1 galon dlo ka rann li potab tou. Pa janm bwè dlo ki te melanje avèk gaz oswa nenpòt lòt pwodui chimik danjere. Ti enfòmasyon sa yo ka sove lavi … fè anpil atansyon.
Mwayen ki Disponib
Page last reviewed: October 23, 2017